Klèb Eklerè Legliz advantis Philadelphia, Kwadèboukè te selebre fèt Drapo a atravè yon bèl jounen kiltirèl ki te pote non “Detant Kreyòl”, nan dat 18 me a. Aktivite sa a te pèmèt timoun yo viv yon bèl eksperyans pandan y ap dekouvri epi valorize kèk aspè nan kilti ayisyèn nan.

Pou make okazyon an, timoun yo te abiye ak rad tradisyonèl ayisyen epi yo te patisipe nan yon bon moman degistasyon manje lokal tankou diri ak lalo ansanm ak mayi bouyi . Se te yon anbyans chaje ak lajwa kote timoun yo te pataje anpil bon moman ak kè kontan.

Pandan jounen an, responsab yo te pwofite sansibilize timoun yo sou kèk enstriman ak materyèl tradisyonèl tankou goblè emaye, kwi, tanbou ak laye. Sa te pèmèt yo aprann plis sou eritaj kiltirèl peyi a.

Aktivite sa te vrèman yon moman edikatif ak rekreyatif kote timoun yo pat sèlman pran plezi, men yo te aprann anpil bagay sou kilti ak eritaj ayisyen peyi a.

 

Yolgine Lafleur


MIPAH Magazine